Règleman sou vi prive a

Dènye mizajou : 21 novanm 2022

Règleman sou vi prive (Privacy Policy) sa a dekri règleman ak pwosedi nou suiv, lè N ap kolekte, itilize, ak devwale enfòmasyon Ou yo, lè Ou itilize Sèvis la ; epi li enfòme Ou sou dwa vi prive ou, ak fason lwa a pwoteje Ou.

Nou itilize done Pèsonèl ou yo, pou n ka bay Sèvis la, ak amelyore l. Lè w itilize Sèvis la, Ou dakò pou yo kolekte, ak itilize enfòmasyon yo, selon Règleman sou vi prive a (Privacy Policy).

Entèpretasyon ak Definisyon yo

Entèpretasyon

Definisyon, mo ki kòmanse ak lèt majiskil yo, baze sou kondisyon ki vin apre yo. Se menm definisyon, mo ki vin apre yo, ap genyen, menm si yo nan fòm singilye oswa pliryèl.

Definisyon yo

Nan lide konsènan Règleman sa a sou vi prive (Privacy Policy) :

  • Account, (an Kreyòl : Kont), vle di yon kont inik yo kreye pou Ou, pou Ou ka gen aksè nan Sèvis nou an, oswa nan kèk pati ladan l.

  • Company, (an Kreyòl : Konpayi), [nan Akò sa a, se swa («PHCAST»), oswa «Nou», ], vle di Fòmasyon sou Swen pèsonèl ak swen adomisil (sig anglè a : PHCAST).

  • Cookies, (an Kreyòl : ti Fichye pou memorize aktivite sèvè a voye), se kèk ti fichye yon sit entènèt mete nan konpyoutè W la, nan aparèy mobil Ou a, oswa nan nenpòt lòt aparèy. Pami pil itilite yo genyen, ti fichye yo gen detay sou kote Ou konn navige sou sit entènèt sa a.

  • Country, (an Kreyòl : Peyi), vle di : Massachusetts, Etazini

  • Device, (an Kreyòl : Aparèy), vle di nenpòt aparèy ki ka gen aksè nan Sèvis la, tankou yon konpyoutè, yon telefòn selilè, oswa yon tablèt dijital.

  • Personal Data, (an Kreyòl : Done pèsonèl), se nenpòt enfòmasyon ki gen rapò ak yon moun yo idantifye, oswa yo ka rive idantifye.

  • Service, ( an Kreyòl : Sèvis), vle di Sit entènèt la.

  • Service Provider, (an Kreyòl : Founisè sèvis), vle di nenpòt moun, reyèl oswa legal, k ap trete done yo nan non («PHCAST»). Sa vle se lòt konpayi, oswa moun («PHCAST») anplwaye yo, pou fasilite Sèvis la, pou bay Sèvis la nan non («PHCAST»), pou fè sèvis ki gen rapò ak Sèvis la, oswa pou ede («PHCAST») analize fason yo itilize Sèvis la.

  • Third-party Social Media Service, (an Kreyòl : Sèvis yon lòt rezo sosyal), vle di nenpòt sit entènèt, oswa nenpòt sit entènèt rezo sosyal yon Itilizatè ka konekte ladan l, oswa kreye yon kont pou itilize Sèvis la.

  • Usage Data, (an Kreyòl : Done itilize yo), vle di done yo kolekte otomatikman, swa ki soti nan itilizasyon Sèvis la, oswa ki sòti nan enfrastrikti sèvis la (pa egzanp, tan w pase ap vizite yon paj).

  • Website, (an Kreyòl : Sit entènèt), vle di Fòmasyon sou Swen pèsonèl ak swen adomisil nan eta a (sig anglè a : PHCAST), ki aksesib atravè adrès sit entènèt li (sig anglè a: “mahomecaretraining.org/ht”)

  • You, (an Kreyòl : Ou), vle di moun ki gen aksè oswa ki itilize mahomecaretraining.org/ht la, oswa PHCAST la, oswa moun sa a ki gen aksè oswa k ap itilize, Sèvis la, nan non yon lòt antite legal, si li aplikab.

Kolekte ak itilize done pèsonèl Ou yo

Kalite done yo kolekte yo

Done pèsonèl

Pandan w ap itilize mahomecaretraining.org/ht la, Nou ka mande Ou, pou W ba nou sèten enfòmasyon pèsonèl sou idantite w, nou ka itilize pou kontakte oswa idantifye Ou. Enfòmasyon pèsonèl sou idantite w la ka gen ladan l, men se pa yo sèlman :

  • Adrès imèl

  • Done itilize yo

Done itilize yo

Yo kolekte done w itilize yo otomatikman, lè w itilize sèvis la.

Done itilize yo ka gen ladan yo enfòmasyon, tankou Adrès pwotokòl entènèt aparèy ou a, [tankou adrès founisè sèvis entènèt la (sig anglè a :IP)], kalite ak vèsyon navigatè a, paj («mahomecaretraining.org/ht» Ou vizite yo, lè ak dat Ou vizite yo, kantite tan ou pase sou paj sa yo, sa yo ki pèmèt yo idantifye chak aparèy, ak lòt done pou fè dyagnostik.

Lè Ou gen aksè nan Sèvis la, atravè yon aparèy mobil, Nou ka kolekte sèten enfòmasyon otomatikman, ikonpri, men pa limite a, kalite aparèy mobil Ou itilize a, sa ki pèmèt yo idantifye aparèy mobil Ou a, adrès founisè sèvis entènèt (IP) aparèy mobil ou an, sistèm operasyon aparèy mobil Ou an, kalite navigatè entènèt aparèy mobil Ou an, done ki pèmèt yo idantifye chak grenn aparèy ak lòt done pou fè dyagnostik.

Nou ka kolekte tou enfòmasyon navigatè entènèt Ou an voye, chak fwa Ou vizite mahomecaretraining.org/ht la, lè Ou gen aksè nan mahomecaretraining.org/ht la, atravè yon aparèy mobil.

Enfòmasyon nan Sèvis lòt rezo soyal

Sit nou an gen touch, pou w peze, rezo sosyal yo itilize, tankou bouton Facebook yo, ak ti aplikasyon (an anglè : Widgets), founisè ak lòt sèvis devlope e jere, avèk konsantman Enstiti pou enklizyon kominotè. Pwogram sa yo ka kolekte adrès founisè sèvis entènèt (IP) ou a, paj ou te vizite yo, e yo ka mete yon ti fichye pou memorize aktivite sèvè a voye, pou pèmèt Pwogram nan fonksyone jan sa dwa. Se lòt pati, oswa Sit entènèt pa nou yo dirèkteman ki gen Pwogram ak ti aplikasyon (Widgets) rezo sosyal yo. Se règleman sou vi prive (Privacy Policy) konpayi ki prepare yo an ki detèmine fason Ou ap fè entèraksyon ak Pwogram sa yo.

Suiv Teknloji ak ti fichye pou memorize aktivite sèvè a voye yo

Nou itilize ti fichye pou memorize aktivitie sèvè a voye yo, ak prèske menm teknoloji yo k ap memorize aktivite yo, pou suiv aktivite ki gen sou «mahomecaretraining.org/ht» ak konsève sèten enfòmasyon. Teknoloji, k ap memorize aktivite yo itilize yo, se fanal sit yo (an anglè : beacons), etikèt, pwogram ki mache ak lòt (an anglè : scripts), pou kolekte ak suiv enfòmasyon, epi pou amelyore ak analize adrès sit entènèt (sig anglè a : «mahomecaretraining.org/ht»).  Nan teknoloji Nou itilize yo, ka gen :

  • Cookies, (an Kreyòl : Ti fichye pou memorize aktivite sèvè a voye), oswa Browser Cookies (an Kreyòl : ti Fichye pou memorize aktivite sèvè voye, lè w ap navige sou sit entènèt). Yon cookie, (an Kreyòl : yon ti fichye pou memorize aktivite sèvè a voye), se yon ti fichye yo mete nan aparèy Ou a. Ou ka enstwi navigatè W la, pou l refize tout fichye pou memorize aktivite sèvè a voye, oswa pou l fè w konnen, lè yo voye yonn ba ou. Sepandan, si Ou pa aksepte Kouki, Ou gen dwa pa ka itilize kèk pati nan nan Sèvis nou an. Sòf si ou te ajiste navigatè W la pou l ka refize ti fichye pou memorize aktivite sèvè a voye, «mahomecaretraining.org/ht» la ka itilize ti fichye pou memorize aktivite sèvè a voye yo.

  • Web Beacons (an Kreyòl : Fanal sit yo). Sèten seksyon, nan «mahomecaretraining.org/ht» ak imèl nou yo, ka gen ladan yo ti fichye elektwonik yo rele fanal sit yo [yo rele yo tou imaj grafik transparan (an anglè : clear gifs), fichye detektè ki fè kontak ant sit entènèt la ak plafòm piblisite a (an anglè : Tags pixel), ak imaj grafik nan nivo ba (an anglè : single-pixel gifs) ki pèmèt PHCAST, pa egzanp, konte itilizatè ki te vizite paj sa yo, oswa ouvri yon imèl, epitou pou lòt estatistik ki gen rapò ak sit entènèt (pa egzanp, anrejistre popilarite yon sèten seksyon genyen, ak verifye entegrite sistèm ak sèvè a).

Ti fichye, pou memorize aktivite sèvè a voye, yo ka «Pèsistan», oswa Ti fichye pou «Sesyon» yo. Ti fichye Pèsistan pou memorize aktivite sèvè a voye yo rete nan konpyoutè, oswa aparèy mobil, Ou an, lè Ou soti sou entènèt la, alòske Fichye sèvè a voye, pou yon Sesyon an, disparèt, depi Ou fèmen navigatè entènèt Ou an.  

Nou itilize ni ti fichye pou yon sesyon yo, ni ti fichye Pèsitan yo, pou objektif anba yo :

  • Tip Ti fichye sèvè a voye ki Nesesè/ Esansyèl yo
    : Ti fichye sèvè a voye pou yon Sesyon yo
    Sou administrasyon : Nou
    Objektif : Ti fichye sa yo sèvè a voye yo, yo esansyèl pou ba Ou sèvis ki disponib yo, atravè Sit entènèt la, ak pèmèt Ou itilize kèk nan pwogram li yo. Yo ede valide itilizatè yo ak anpeche fwod fèt nan itilizasyon kont yo. San ti fichye pou memorize aktivite sa yo, sèvè a voye a, yo pa t ap ka ba Ou sèvis ou mande a, epi Nou itilize fichye sa yo sèvè a voye a sèlman pou ba Ou sèvis sa yo.

  • Règleman sou fichye sèvè a voye / Nòt pou aksepte fichye sèvè a voye
    Kalite : Ti fichye Pèsistan pou memorize aktivite sèvè a voye
    Sou administrasyon : Nou
    Objektif : Ti fichye sa yo sèvè a voye idantifye si itilizatè yo te aksepte pou itilize yo nan Sit entènèt la.

  • Fason fichye sèvè a voye yo fonksyone
    Kalite : Fichye Pèsistan sèvè a voye
    Sou administrasyon : Nou
    Objektif : Fichye sa yo sèvè a voye pèmèt nou Ou sonje chwa ou fè, lè Ou itilize Sit entènèt la, tankou sonje detay pou w konekte, oswa lang ou prefere. Objektif fichye sèvè a voye yo se ba Ou yon eksperyans ki plis pèsonèl, evite pou Ou nan mete preferans ou yo ankò, chak fwa Ou ap itilize Sit entènèt la.

  • Fichye sèvè a voye pou Suiv ak wè pèfòmans
    Kalite : Fichye Pèsistan sèvè a voye
    Sou administrasyon : Lòt pati yo
    Objektif : Fichye sa yo sèvè a voye a se pou kontwole enfòmasyon sou trafik nan Sit entènèt la, ak fason itilizatè yo sèvi ak Sit entènèt la. Enfòmasyon yo rasanble, atravè fichye sa yo sèvè a voye a, ka idantifye ou dirèkteman oswa endirèkteman, kòm yon vizitè endividyèl. Sa a se paske tipikman, enfòmasyon yo kolekte yo, etabli yon lyen ant yon fo non, ak yon endis pou idantifye w ki asosye ak aparèy ou itilize a, pou w gen aksè nan Sit entènèt la. Epitou, nou ka itilize fichye sa yo sèvè a voye a, pou teste nouvo paj, oswa nouvo fonksyon nan Sit entènèt la, pou wè fason itilizatè nou yo reyaji ak yo.

Pou plis enfòmasyon sou fichye sèvè a voye yo nou itilize, ak sa ou chwazi yo, tanpri ale sou Règleman sou fichye sèvè a voye yo, oswa sekson sou fichye sèvè a voye yo nan Règleman sou vi prive (Privacy Policy) nou yo.

Itilizasyo Done pèsonèl ou .

PHCAST ka itilize Done pèsonèl nan objektif apre yo :

  • Pou bay ak jere adrès entènèt (sig anglè a : «mahomecaretraining.org/ht»), ikonpri jan yo itilize l.

  • Pou jere kont Ou : pou jere enskripsyon Ou kòm yon itilizatè Sèvis la. Done pèsonèl Ou ba yo ka fè Ou gen aksè nan diferan fonksyon ki disponib pou ou nan Sèvis la, antanke yon itilizatè ki enskri.

  • Pou egzekite yon kontra : devlope, respekte ak antreprann sa ki nan yon kontra acha pou pwodwi yo, atik, oswa sèvis Ou te achte yo, oswa tout lòt kontra ou gen ak Nou atravè Sèvis la.

  • Pou kontakte Ou : Pou kontakte Ou pa imèl, apèl telefòn, tèks mesaj, oswa nan lòt fòm kominikasyon elektwonik ekivalan, tankou notifikasyon rapèl yon aplikasyon nan aparèy mobil fè, konsènan mizajou, oswa kominikasyon sou enfòmasyon ki gen rapò ak fonksyon, pwodwi oswa sèvis ou gen kontra pou yo a, ikonpri mizajou sou sekirite yo, lè sa nesesè oswa rezonab pou egzekisyon yo.

  • Pou ba Ou nouvèl, òf espesyal, ak enfòmasyon jeneral sou lòt machandiz, sèvis ak evènman nou ofri yo, ki sanble ak sa yo ou te achte deja, oswa mande ransèyman sou yo, amwenske Ou te chwazi pou Ou pa resevwa enfòmasyon sa yo.

  • Pou jere demand Ou fè : Pou onore ak jere demand Ou fè nou yo.

  • Pou fè transfè nan biznis : Nou ka itilize enfòmasyon Ou yo pou evalye, oswa fè yon fizyon, separasyon, restriktirasyon, reòganizasyon, yon eliminasyon, oswa lòt vant, oswa transfè kèk oswa tout byen nou yo, kit se antanke yon biznis k ap mache, oswa lè se yon fayit ki fèt, likidasyon, oswa pwosedi parèy, kote gen Done pèsonèl Nou genyen sou adrès entènèt (sig anglè a : «mahomecaretraining.org/ht») itilizatè yo, yo fè pati byen nou transfere yo.

  • Pou lòt objektif : Nou ka itilize enfòmasyon Ou yo pou lòt objektif, tankou analiz done, idantifye tandans nan itilizasyon yo, detèmine efikasite kanpay pwomosyonèl nou yo, epi evalye ak amelyore adrès entènèt mahomecaretraining.org/ht, pwodwi, sèvis, maketin ak eksperyans ou.

Nou ka pataje enfòmasyon pèsonèl Ou nan sitiyasyon apre yo :

  • Avèk Founisè sèvis yo : Nou ka pataje enfòmasyon pèsonèl Ou ak Founisè sèvis yo, pou kontwole ak analize itilizasyon adrès sit entènèt (sig anglè a : «mahomecaretraining.org/ht»), pou kontakte Ou.

  • Pou transfere biznis la : Nou ka pataje, oswa transfere enfòmasyon pèsonèl Ou ki gen rapò ak, oswa pandan negosyasyon sou kèlkeswa fizyon, vant byen Konpayi, finansman, oswa lè yon lòt konpayi ap fè akizisyon tout, oswa yon pòsyon nan biznis Nou an.

  • Avèk Afilye yo : Nou ka pataje enfòmasyon Ou yo avèk afilye Nou yo, nan yon ka konsa, n ap mande afilye sa yo pou yo onore Règleman sou vi prive sa a (Privacy Policy). Pami afilye yo gen konpayi prensipal la ak nenpòt lòt filyal yo, patnè antrepriz miks yo, oswa lòt konpayi nou kontwole, oswa ki sou menm kontwòl komen avèk Nou.

  • Avèk patnè nan biznis yo : Nou ka pataje enfòmasyon Ou yo ak patnè biznis Nou yo, pou ka ofri Ou sèten pwodwi, sèvis, oswa pwomosyon.

  • Avèk lòt itilizatè : lè Ou pataje enfòmasyon pèsonèl, oswa otreman fè entèraksyon nan zòn piblik yo ak lòt itilizatè yo, lòt itilizatè yo ka wè enfòmasyon sa yo, yo ka distribye yo deyò piblikman. Si Ou fè echanj ak lòt itilizatè, oswa enskri atravè Sèvis yon lòt rezo sosyal, moun Ou gen kontak ak yo nan Sèvis lòt rezo sosyal la ka wè non Ou, pwofil, foto ak deskripsyon aktivite Ou. Menm jan tou, lòt itilizatè yo ap ka wè deskripsyon sou aktivite Ou, kominike avèk Ou ak wè pwofil Ou.

  • Avèk konsantman Ou : Avèk konsantman Ou, Nou ka devwale enfòmasyon pèsonèl Ou pou nenpòt lòt objektif.

Konsèvasyon Done pèsonèl Ou

(«PHCAST») ap kenbe done pèsonèl Ou pandan tout tan li nesesè, pou objektif yo etabli nan Règleman sou vi prive (Privacy Policy) sa a. N ap kenbe e itilize done pèsonèl Ou nan limit ki nesesè a, pou konfòme nou ak obligasyon legal nou yo (pa egzanp, si nou oblije kenbe done ou yo, pou konfòme nou avèk lwa ki aplikab yo), rezoud diskisyon, epi apllke akò ak règleman legal nou yo.

PHCAST ap kenbe Done yo itilize yo nan objektif pou fè analiz entèn. Jeneralman, yo kenbe Done yo itilize yo pou yon sèten tan ki pi kout, eksepte lè yo itilize done sa yo, pou ranfòse sekirite a, oswa amelyore fonksyon adrès entènèt (sig anglè a : «mahomecaretraining.org/ht»), amwenske legalman Nou oblije kenbe done sa yo pou sèten tan ki pi long.

Devwale Done pèsonèl Ou

 Distribisyon enfòmasyon yo kolekte

Sit entènèt sa a pa p devwale, san konsantman ou, enfòmasyon pèsonèl yo kolekte sou ou, eksepte nan sèten sikonstans klè, kote lalwa egizije pou devwale enfòmasyon yo.

Sit entènèt sa a pa pral distribye, oswa vann enfòmasyon pèsonèl bay lòt organizasyon.

Sekirite Done pèsonèl Ou

Sekirite done pèsonèl Ou yo enpòtan pou nou, men sonje pa gen okenn metòd transmisyon sou entènèt la, oswa metòd pou gade done elektwonik ki 100% an sekirite. Menm lè Nou fè efò pou itilize mwayen ki akseptab nan domèn komès, pou pwoteje Done Pèsonèl Ou yo, Nou pa ka garanti yo an sekirite konplètman.

Enfòmasyon an detay sou Jesyon Done pèsonèl ou yo.

Founisè sèvis yo Nou itilize a ka gen aksè nan Done Pèsonèl Ou yo. Lòt fournisseurs sa yo kolekte, kenbe, itilize, jere, ak transfere enfòmasyon sou aktivite Ou nan adrès sit entènèt (sig anglè a : «mahomecaretraining.org/ht»), an akò ak Règleman sou vi prive (Privacy Policy).

 

Analytics

ka itilize lòt founisè Sèvis pou kontwole, ak analize itilizasyon adrès sit entènèt la (sig anglè a : «mahomecaretraining.org/ht»).

  • Google Analytics
    Google Analytics se yon sèvis analytics entènèt Google ofri, pou suiv ak fè rapò sou trafik nan sit entènèt. Google itilize done yo kolekte yo, pou suiv, ak kontwole itilizasyon adrès sit entènèt la (sig anglè a : «mahomecaretraining.org/ht»). Yo pataje done sa yo ak lòt sèvis Google yo. Google ka itilize done yo kolekte yo, pou mete anons pwòp rezo piblisite li yo an kontèks, epi fè yo pèsonèl.
    Ou ka chwazi pou yo pa fè aktivite ou nan Sèvis la disponib nan Google Analytics, avèk enstalasyon navigatè siplemantè pou esklyzyon Google Analytics la. Sipleman pou navigatè a anpeche pwogram JavaScript Google Analytics tankou (ga.js, analytics.js and dc.js) pataje enfòmasyon avèk Google Analytics sou aktivite nan vizity yo.
    Pou plis enfòmasyon sou pratik sou vi prive nan Google, tanpri vizite paj entènèt sou Vi prive ak kondisyon yo nan Google : https://policies.google.com/privacy

Maketin imèl

Nou ka itilize Done pèsonèl Ou yo, pou kontakte Ou avèk bilten, materyèl pou fè pwomosyon oswa maketin, avèk lòt enfòmasyon ki ka enterese Ou. Ou ka chwazi pou w pa resevwa kèk oswa tout kominikasyon Nou yo ; pou w fè sa, suiv lyen pou retire patisipasyon an, oswa enstriksyon ki gen nan tout imèl Nou voye yo, oswa kontake Nou.

Nou ka itilize Founisè sèvis maketing imèl, pou jere ak voye imèl ba Ou.

Vi prive timoun

mahomecaretraining.org/ht pa gen aksè nan kèlkeswa moun nan ki pa ko gen 13 zan. Nou pa kolekte volontèman enfòmasyon ki pèmèt idantifye pèsonèlman kèlkeswa moun nan ki pa ko gen 13 zan. Si Ou se yon paran, oswa yon responsab, epi Ou okouran pitit Ou te ba Nou Done pèsonèl, tanpri kontakte Nou. Si Ou aprann Nou te kolekte Done Pèsonèl sou nenpòt moun ki pa ko gen 13 zan, san yo pa verifye konsantman paran an, N ap pran mezi pou retire enfòmasyon sa yo nan sèvè Nou yo.

Si Nou bezwen konte sou konsantman, kòm yon baz legal pou trete enfòmasyon Ou yo, epi peyi Ou egzije pou gen konsantman yon paran, Nou ka mande konsantman paran Ou, anvan Nou kolekte ak itilize enfòmasyon sa yo.

Dwa repwodiksyon (an anglè : Copyright) ak itilizazyon ki akseptab

Tout tèks, imaj, grafik, logo ak enfòmasyon ki genyen sou Sit entènèt la se pwopriyete entelektyèl ICI a, amwenske yo idantifye sa yon lòt jan. Se pou Ou genyen pèmisyon alekri, pou Ou ka repwodui, distribye, fè, ekspoze, oswa bay lisans pou yon travay kèlkonk. Kit yon sit entènèt gen ladan yon deklarasyon sou dwa repwodiksyon, ou pa, lwa ameriken sou dwa repwodiksyon asire gen pwoteksyon pou travay sa yo, e yo pa ka itilize, oswa repwodui yo, san yo pa bay pèmisyon.

Enstiti pou Enklizyon kominotè a pa responsab pou nenpòt erè yo nan materyèl ki nan Sit la, epi yo pa dwe responsab pou nenpòt domaj nan nenpòt fason an, akoz itilizasyon kèlkeswa materyèl yo jwenn nan sit sa a, oswa nan kèlkeswa lòt Sit atravè domèn sit entènèt «mahomecaretraining.org/» la. Yo ka dirije lyen yo al sou paj sa yo, men pou kèlkeswa rezon an yo pa gen dwa kopye ak/oswa poste imaj, logo, kat.

 

Lyen avèk lòt Sit entènèt

«mahomecaretraining.org/ht» la ka gen lyen avèk lòt Sit entènèt Nou pa opere. Si Ou peze lyen yon lòt pati, li pral dirije Ou nan sit lòt pati sa a. Nou konseye Ou seryezan, pou w revize Règleman sou vi prive (Privacy Policy) chak sit Ou vizite.

Nou pa gen okenn kontwòl epi nou pa responsab pou kontni, règleman sou vi prive (Privacy Policy), oswa pratik sit oswa sèvis lòt pati sa yo.

Chanjamn nan Règleman sou vi prive (Privacy Policy) sa a

Detanzantan, Nou ka fè mizajou nan Règleman sou vi prive (Privacy Policy) nou yo. N ap poste nouvo Règleman sou vi prive (Privacy Policy) yo sou paj sa a, pou Nou ka enfòme w sou kèlkeswa chanjman an.

N ap fè Ou konnen pa imèl ak/oswa yon avi enpòtan sou mahomecaretraining.org/ht, anvan yo aplike chanjman an, epi mete «Dènye mizajou» nan dat la (an anglè : «Last updated») ki nan anwo Règleman sou vi prive (Privacy Policy) sa a.

Yo konseye Ou pou W revize Règleman sou vi prive (Privacy Policy) sa a detanzantan, pou W wè si gen nenpòt chanjman. Chanjman nan Règleman sou vi prive (Privacy Policy) sa a ap kòmanse, lè yo afiche yo nan paj sa a.

Pou kontakte Nou :

Si ou gen nenpòt kesyon sou Règleman sou vi prive (Privacy Policy) sa a, Ou ka kontakte nou :