Deklarasyon sou aksè a

Nou pran yon angajman, pou n fè tout itilizatè nou yo gen aksè ak sit sa a. Nou suiv Seksyon 508 nan lwa sou Reyabilitasyon ak Règleman W3C yo, konsènan aksè nan kontni rezo a.

Aksè a gen plizyè aspè ak pi bon pratik yo. Gobalman, objektif la se asire tout moun ka itilize sit entènèt nou an, ak konprann li fasilman. Se diferan kategori moun, ki gen plizyè kapasite ak andikap, epi k ap itilize tout yon seri aparèy, sistèm konpyoutè (an anglè : operating systems), ak platfòm teknoloji pou asistans Nou te konsevwa sit sa a, pou l ka itil, pratik, epi fasil pou tout moun k ap navige sou li yo.