Fòmasyon eta a pou moun k ap ede nan bay swen pèsonèl ak swen adomisil (PHCAST)
Èske w ap chèche yon travay ki fleksib ? Pran fòmasyon pou w ka vin yon pwofesyonèl nan swen adomisil !
Ou ka vin yon moun k ap ede nan bay swen adomisil la gratis lè w pran sou entènèt fòmasyon eta a pou moun k ap ede nan bay swen pèsonèl ak swen adomisil (PHCAST) Commonwealth of Massachusetts bay la. Ou ka pran kou yo, lè w vle, epi kote ou vle.
«Yo prepare pwogram sa a vrèman byen, epi antanke yon nouvo menajè mwen kontan pou m di mwen pa ka tann, pou m kòmanse travay !!»
Kisa yon Moun k ap ede nan bay swen adomisil ye ?
Moun k ap ede nan bay swen adomisil yo jwe yon wòl enpòtan, nan ekip pou swen adomisil la. Moun k ap ede nan bay swen adomisil yo ede granmoun aje yo, pou yo ka viv alèz lakay yo, oswa nan kominote yo a. Gen plizyè kalite moun k ap ede nan bay swen adomisil :
- Menajè yo ede nan fè pwovizyon, kuizin, lesiv, ak aktivite nan anviwoman kay la, tankou netwayaj, lave asyèt, e pase aspiratè.
- Menajè pou swen pèsonèl yo fè travay pratik. Yo ede ak benyen, abiye, pran swen cheve, ak fè deplasman.
Opòtinite pou fè karyè kòm moun k ap ede nan bay swen adomisil
Dapre sa Gouvènman ameriken di, demand pou moun k ap ede nan bay swen adomisil se yonn nan djòb k ap ogmante pi rapid nan peyi a !
Kòmanse avèk (Kou pou Menajè (Homemaker Course) nou an. Apresa, ale nan fòmasyon siplemantè pou w ka vin yon Menajè pou swen pèsonèl (Personal Care Homemaker) , pou w ka jwenn enfòmasyon sou swen manyèl pratik. Apati isi a, ou ka eksplore mwayen sa yo ak chache lòt djòb nan domèn nan.
«M espere, yon jou ma soti nan menajè pou vin yon Enfimyè oksilyè (LPN).»
Pou patisipe nan PHCAST la
Èske w prè pou yon nouvo djòb ? Chwazi yonn nan kou apre yo. Chwazi kou ki koresponn pi byen ak kapasite e enterè w Tout kou yo gratis pou moun k ap viv nan Massachusetts.
Chwazi nan ki lang ou ta renmen pran kou yo. Tout kou yo disponib an anglè, espayòl, kreyòl ayisyen, pòtigè brezilyen, chinwa senplifye (mandaren e kantonè), chinwa tradisyonèl (mandaren e kantonè), epi ris. Kou a ap disponib pi devan an vyetnamyen.
Pou w enskri, ou dwe :
- Gen aksè nan yon konpyoutè, tablèt, oswa telefòn entelijan ki gen opalè e entènèt.
- Yon adrès imèl valab
Kou pou menajè
Kou sa a aprann ou fason pou w kominike, travay ak konsomatè, e prepare manje an byen. Y ap ba ou Sètifika ou te pran fòmasyon an (Certificate of Completion) lè w fini kou an !
Chwazi kou ki koresponn pi byen ak eksperyans ou.
Pou nouvo pwofesyonèl yo
Kou sa a fèt pou kèlkeswa moun nan, ki nouvo nan domèn nan e ki enterese nan fè karyè kòm yon menajè.
EnskriPou pwofesyonèl ki gen eksperyans yo
Kou sa a se pou pwofesyonèl ki te gen eksperyans anvan, kòm yon menajè, e ki ta renmen rafrechi, oswa devlope konpetans ak konesans yo.
EnskriPou moun ki bay swen enfòmèl yo
Kou sa a se pou kèlkeswa moun nan ki enterese nan bay yon fanmi oswa zanmi sipò kòm menajè yo.
EnskriKou pou Menajè pou swen pèsonèl
Kou sa a baze sou konpetans ak konesans ou pran nan fòmasyon pou Menajè a, epi prepare w pou ede moun ki bezwen swen manyèl, tankou abiye, benyen, swen cheve, ak nan deplasman. Y ap ba ou Sètifika ou te pran fòmasyon an (Certificate of Completion) lè w fini kou an !
Tanpri fè atansyon : Ou dwe pran fòmasyon kòm menajè a, avan w pran kou sa a. Ou ka pran fòmasyon pou menajè a an pèsòn, oswa sou entènèt.
Chwazi kou ki koresponn pi byen ak eksperyans pwofesyonèl ou.
Pou nouvo pwofesyonèl yo
Kou sa a fèt pou kèlkeswa moun nan, ki nouvo nan domèn swen sante adomisil la, e ki enterese nan fè karyè kòm yon menajè pou Swen pèsonèl .
EnskriPou pwofesyonèl ki gen eksperyans yo
Kou sa a se pou pwofesyonèl ki te gen eksperyans anvan, kòm yon Menajè pou swen pèsonèl, e ki ta renmen rafrechi, oswa devlope konpetans ak konesans yo.
EnskriPou moun ki bay swen enfòmèl yo
Kou sa a se pou kèlkeswa moun nan ki enterese nan bay yon fanmi oswa zanmi sipò kòm menajè swen pèsonèl yo.
EnskriPou anplwayè yo : Èske PHCAST la kòrèk pou anplwaye m yo ?
Kit anplwaye ou yo nouvo nan domèn nan, oswa kit yo sèlman bezwen rafrechi konesans yo, PHCAST la ka satisfè bezwen w yo. PHCAST la gen tout enfòmasyon anplwaye w yo bezwen, pou yo ka santi yo gen konfyans nan tèt yo, yo gen bon jan konesans, epi yo pare pou travay an sekirite kòm moun k ap ede nan bay swen adomisil.
Kourikoulòm PHCAST nou an ede anplwaye w yo, aprann wòl ak responsablite yon Moun k ap ede nan bay swen adomisil, ikonpri teknik tankou koute atantivman, planifikasyon pou nitrisyon, fè menaj, travay ak konsomatè, rekonèt abi, e neglijans, jere sitiyasyon ijans, ak plis lòt bagay.
Pou Nouvo kou pou Menajè (New Homemaker Course) a, anplwaye w yo ka fini tout 11 modil yo sou entènèt, nan lè yo vle fè sa, lè yo pa nan travay yo.
Si yo vle ogmante konpetans yo apre kou pou Menajè a, pwochen etap la se Kou pou Menajè pou swen pèsonèl (Personal Care Homemaker Course) la, ki baze sou konesans yo te pran nan kou pou Menajè a. Kou pou Menajè pou swen pèsonèl la se yon kou sou entènèt ki gen 7 modil ladan l. Lè anplwaye ou yo ap pran kou pou Menajè pou swen pèsonèl la, yo dwe fè tou yon 10 zè pratik ak yon enfimyè anrejistre (RN), k ap bay fòmasyon pou Menajè pou swen pèsonèl la.
«Pi gwo avantaj la [pou anplwaye m yo] se fleksibilte a». Yo ka pran [fòmasyon an] lè yo vle, epi yo pa bezwen pran konje travay. Dezyèm gwo avantaj la se yon ranfòsman pou amoupwòp yo»
Sit òf anplwa PHCAST
The Massachusetts Executive Office of Aging & Independence (AGE) angaje pou l soutni anplwaye ki founi swen an dirèk e founisè ki angaje yo. Apati angajman sa a, AGE kreye sit òf anplwa PHCAST ki sèlman disponib pou ajans ki gen kontran avèk ASAP e k ap founi sèvis èd lakay e swen pèsonèl lakay. Ajans swen lakay ki gen kontra avèk ASAP k ap founi sèvis èd menajè e swen pèsonèl envite pou yo kreye kont gratis sou sit òf anplwa PHCAST la e piblike òf anlwa ofiramezi y ap chèche anplwaye ki kalifye.
Kesyon Popilè
Enfòmasyon jeneral
PHCAST ofri kou pou toude Menajè e Menajè ki founi swen pèsonèl. Pou chak nan anplwa sa yo, gen twa opsyon nan kou yo. Chwazi tanpri kou ki pi byen dekri objektif anplwa ou yo.
Chak kou disponib nan lang anglè, espanyòl, kreyòl ayisyen, pòtigè brezilyen, mandaren chinwa, kantonè chinwa, ris, e vyetnamyen. Sèlman enskri nan yon grenn kou, tanpri. Chak nan kou ki annapre la kouvri menm kontni a :
- Nouvo pwofesyonèl : Si w nouvo nan travay Menajè oubyen Menajè ki founi swen pèsonèl, ou ka suiv kou pou nouvo pwofesyonèl la. Ou dwe fini tout modil ak aktivite nan lòd yo prezante a.
- Pwofesyonèl ki gen eksperyans : Si w gen eksperyans men ou ta renmen aprann nouvo konpetans oubyen rafrechi konesans ou, ou ka lè sa a suiv kou pou pwofesyonèl ki gen eksperyans lan. Ou ka sote adwat agoch nan kou sila. Ou pa bezwen suiv modil yo nan lòd yo prezante a.
- Moun ki bay swen enfòmèl : Si w aktyèlm pran swen fanmi, zanmi, oubyen moun prive, ou ka lè sa a suiv kou pou moun ki bay swen enfòmèl la. Ou ka sote adwat agoch nan kou sila. Ou pa bezwen suiv modil yo nan lòd yo prezante a.
Kou pou Menajè e Menajè ki founi swen pèsonèl yo disponib nan lang anglè, espanyòl, kreyòl ayisyen, pòtigè brezilyen, mandaren chinwa, kantonè chinwa, ris, e vyetnamyen. Pou w enskri pou yon kou nan youn nan lang sa yo, monte nan sit entènèt fòmasyon pou swen adomisil nan Massachusetts la. Chwazi lang lan nan meni ki dewoule a.
Pou enskri pou nenpòt nan kou yo, monte nan sit entènèt fòmasyon pou swen adomisil nan Massachusetts la epi chwazi kou ki pi byen reprezante konpetans ou yo ak objektif pwofesyonèl ou yo. Tout kou nan tout lang yo kouvri menm konpetans epi menm kontni a.
Pou kòmanse kou a :
- Monte nan kou PHCAST Instructure Biwo egzekitif sou vyeyisman e endepandans lan.
- Mete non itilizatè e modpas ou te chwazi yo. Non itilizatè ou a se siman imèl ou a. Asire ou sonje non itilizatè ou a e modpas ou a. W ap bezwen yo chak lè ou konekte nan kou a.
- Klike sou "Konekte".
- Yon fwa ou konekte, w ap wè non kou w ap suiv la. Klike sou non kou w ap suiv la epi kòmanse.
Se yon kou ou suiv nan pwòp ritm ou. Ou ka kòmanse kou a nenpòt lè epi w ka travay ladan lè w vle.
Si w ta renmen enskri nan yon lòt kou PHCAST, tèlke menm kou a men nan yon lòt lang oubyen nan yon pakou aprantisaj ki pa menm, monte nan sit entènèt fòmasyon pou swen adomisil nan Massachusetts la. Chwazi lang lan epi kou a epi klike sou "Enskri".

Monte nan PHCAST Instructure. Epi klike sou "Bliye modpas?" pou w chanje modpas ou a. W ap gen pou w mete imèl ou te itilize pou w enskri nan kou a defason pou w chanje modpas ou a.
Apre, monte nan imèl ou a, louvri mesaj “Executive Office of Aging and Independence” la voye epi klike sou lyen elektwonik ki nan mesaj la, epi kreye yon nouvo modpas. Pou fini, tounen sou paj pou konekte nan kou a epi konekte avèk nouvo modpas ou a.
Non! Tout kou PHCAST anliy yo gratis pou moun k ap aprann e pou anplwayè ki itilize fòmasyon an.
Konnen tanpri : Fòmasyon sa a inikman pou moun ki pral travay nan eta Massachusetts la.
Wi, ou ka suiv fòmasyon PHCAST la sou tout smartphone ki gen posiblite pou videyo. W ap gen pou w anrejistre epi enskri nan yon kou sou yon òdinatè anvan w ka sèvi ak app Canvas Student lan. App Canvas Student lan disponib nan App Store la pou toude aparèy Apple e Android. Yon fwa ou enskri nan kou a, ou ka suiv kou a nan telefòn ou an.
Apple: Rale iPhone App pou iPhone Apple yo.
Android: Rale Android App pou telefòn Android yo.
- Monte swa nan App Store pou iPhone oswa nan Google Play pou Android.
- Chèche pou "Canvas Student".
- Klike sou "Install" (enstale).
- Lè yo mande w kòman lekòl ou a rele, mete “PHCAST”.
- W ap resevwa yon kòd verifikasyon nan telefòn ou an. Mete kòd ou wè a.
- Yon fwa ou mete kòd la, w ap wè dach (Dashboard) la avèk kou ou enskri ladan l lan.
Videyo sa a montre kòman pou itilize app Canvas Student lan pou konekte anliy nan kou PHCAST ou a. Pa okipe w de premye seksyon an epi chache wè pòsyon kòd QR la pou chak videyo ki montre kòman ou ka konekte app la avèk kou w ap suiv la.
Kontni kou a
Ofiramezi ou fini chak paj oubyen aktivite kou a, ap gen yon mak vèt k ap parèt akote atik sa a sou paj prensipal kou a. Itilize mak vèt sa yo pou w konnen sa w fini fè.
Pa gen nòt pou tès e aktivite verifikasyon sou konesans sa yo. Se poutèt sa, w ap wè yon nòt 0/0. Sèl evalyasyon ki nan fen modil la k ap gen nòt. Ou dwe resevwa yon nòt ki omwen 80% pou chak evalyasyon nan fen modil yo pou w gen yon sètifika reyisit.
Wi, gen aktivite pou verifikasyon konesans pandan tout kou a epi evalyasyon nan fen chak modil. Ou gendwa fè twa esè pou chak nan aktivite e evalyasyon sa yo. Sèl aktivite ou pa ka repran se sondaj demografik la. Si w soumèt sa a san w pa fini li, se pou w kontakte tanpri phcast@umb.edu.
Dach la se kote kou w la, nòt ou yo, e sètifika ou a ap disponib. Monte nan Dach pou kou anliy PHCAST yo epi klike sou “Dach” pou w wè sa ki ladan l.
Konklizyon kou a
Yon fwa ou fini kondisyon kou a, w ap resevwa yon sètifika reyisit. Sètifika a ap voye nan imèl ou itilize pou w enskri nan kou a, e w ka enprime l tou depi sou dach kou a. Ou ka jwenn sètifika ou a nan Dach kou a.
Wi. Monte nan Dach kou PHCAST anliy la pou w konekte nan dach la. W ap wè yon sètifika pou chak kou ou fin fè. Pou plis enfòmasyon sou sètifika e dach la, monte nan paj wèb la, Kòman pou wè sètifika reyisit la.
Men ki mezi pou suiv pou w chanje non ki make sou sètifika ou a :
- 1. Louvri kou ou a nan https://phcast.instructure.com.
-
2. Sou meni navigasyon ki sou bò goch la, klike sou “Kont”
-
3. Klike sou “Paramèt”
-
4. Klike sou “Modifye paramèt”
-
5. Retape non w nan espas kote pou w tape tout non w e non ou vle ki parèt sou paj yo :
-
6. Klike sou “Aktyalize paramèt”
Non, pa gen yon egzamen nan fen kou a. Men, gen yon evalyasyon fen modil nan fen chak modil. Ou dwe ranpli evalyasyon nan fen modil la avèk yon nòt ki omwen 80% pou w pase chak modil epi resevwa yon sètifika.
Ou ka voye yon mesaj an dirèk sou platfòm kou a. W ap resevwa yon repons sou 36 èdtan. Klike sou "Èd" ki sou anwo agòch meni a epi klike sou "Poze enstriktè a yon kesyon" pou w jwenn èd.
Anplwa
PHCAST ofri yon tablo anplwa pou sipòte fòmasyon Menajè e Menajè ki founi swen pèsonèl la. Ou ka itilize tablo anplwa a pou w chache travay Menajè e Menajè ki founi swen pèsonèl nan zòn kote w ye a. Monte sou tablo anplwa a nan sitwèb Tablo anplwa PHCAST la.
Menajè : Sètifika Menajè PHCAST la kalifye w pou w travay kòm yon Menajè pou yon ajans swen adomisil. Sepandan, w ap gen pou w verifye avèk chak anplwayè sou egzijans pa yo a.
Menajè ki founi swen pèsonèl : Sètifika Menajè pou swen pèsonèl PHCAST la kalifye w pou w travay kòm yon Menajè pou swen pèsonèl. Apre fòmasyon anliy PHCAST la, ou dwe suiv 10 èdtan fòmasyon pratik avèk yon enfimye(è) founisè nan yon ajans Menajè. Ranseye w nan ajans swen adomisil ki lokal pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa.
Lòt anplwa, tèlke èd pou swen lakay (Home Health Aides, HHA) e edan enfimye(è) sètifye (Certified Nursing Assistants, CNA) egzije pou gen plis fòmasyon. PHCAST ofri fòmasyon anliy sèlman pou Menajè e Menajè ki founi swen pèsonèl.
«Mwen apresye anpil se pa sèlman konsomatè a, konpayi kote m ap travay la, bay enpòtans, men mwen enpòtan tou. Mwen rekonesan pou kou sa a, paske li te ban m konpetans ki nesesè pou fè travay mwen . »